Menu

Sòm 134

PDS

1 Se yon chante pou yo chante lè y’ap moute lavil Jerizalèm. Nou tout k’ap sèvi Seyè a, nou tout k’ap pase nwit lakay li ap sèvi l’, ann fè lwanj Seyè a! 2 Louvri bra nou nan tanp li, lapriyè, fè lwanj Seyè a! 3 Se pou Seyè a rete sou mòn Siyon pou l’ beni ou. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.

Everything we make is available for free because of a generous community of supporters.

Donate