Menu

Sòm Yo 87

BSA

1 Fondasyon Li nan mòn sen yo. 2 SENYÈ a renmen pòtay Sion yo plis pase tout lòt abitasyon a Jacob yo. 3 Yo pale sou gran mèvèy ou, O gran vil Bondye. Tan 4 Mwen va mete Rahab avèk Babylone pami sila ki rekonèt Mwen yo. Men vwala, Philistie, Tyr, avèk Éthiopie: “Tèl moun te fèt la”. 5 Men selon Sion, li va pale, “Sa a ak sila a fèt ladann.” Pi Wo a, Li menm, va etabli Sion. 6 SENYÈ a va konte lè Li anrejistre tout pèp yo: “Sa a te fèt la”. Tan 7 Epi sila ki chante ansanm avèk sila ki jwe flit yo va di: “Tout sous bwote yo, se nan ou”.

Everything we make is available for free because of a generous community of supporters.

Donate