Menu

Sòm Yo 67

BSA

1 Ke Bondye ka fè nou gras, beni nou e fè vizaj Li vin klere sou nou—— 2 Ke chemen Ou kapab byen koni sou tè a, ak sali Ou pami tout nasyon yo. 3 Kite pèp yo louwe Ou, O Bondye. Kite tout pèp yo louwe Ou. 4 Kite nasyon yo fè kè kontan e chante ak jwa, paske Ou va jije pèp yo avèk ladwati e gide nasyon yo sou tè a. Tan 5 Kite pèp yo louwe Ou, O Bondye. Kite tout pèp yo louwe Ou. 6 Latè te bay pwodwi li. Bondye, Bondye pa nou an, ap toujou beni nou. 7 Bondye ap toujou beni nou. Dènye pwent latè a va gen lakrent Li.

Everything we make is available for free because of a generous community of supporters.

Donate