Menu

Sòm Yo 127

BSA

1 Amwenske se SENYÈ a ki bati kay la, sila ki bati li yo, travay anven. Amwenske SENYÈ a veye pòtay la, gadyen an rete zye louvri anven. 2 Se an ven pou ou leve bonè e ale dòmi ta, pou manje pen a travay di yo, paske se domi Li bay a moun li renmen. 3 Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a. Fwi a vant la se yon rekonpans. 4 Tankou flèch nan men a yon gèrye, Se konsa pitit a jèn yo ye. 5 A la beni se nonm ke veso l plen ak yo. Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.

Everything we make is available for free because of a generous community of supporters.

Donate