Menu

Sòm Yo 123

BSA

1 A Ou menm, mwen leve zye mwen, O Ou menm ki chita sou twòn Ou nan syèl la! 2 Men gade, jan zye a sèvitè yo rete sou men a mèt yo, Jan zye a yon sèvant sou men mètrès li, Se konsa, zye nou ye vè SENYÈ a, Bondye nou an, jiskaske li fè nou gras. 3 Bannou gras, O SENYÈ, bannou gras, paske nou ranpli ak mepriz. 4 Nanm nou ranpli ak ensilt a sila ki alèz yo, avèk mepriz a sila ki plen ògèy yo.

Everything we make is available for free because of a generous community of supporters.

Donate